Accueil | Nouvelles | En Kreyol | Di m ki lang ou pale map di w ki moun ou ye.

Di m ki lang ou pale map di w ki moun ou ye.

image

Il y a des gens qui ont… Il y a des gens qui… il y a des gens… ki fin pale ou pa fouti pa ri. Sitou lè se yon senatè, yon palmantè kap fòse pale fransè pou fè chèlbè, pou fè wè. Pafwa se pa ri ou ta ri, men lè yon senatè wè « email », epi li di « emay » ou ta gen dwa ri jouk machwèw chire rive dèyè zòrèy ou, paske nan tout sosyete apa sou latè chak popilasyon gen pwòp lang pa li pou moun yo kominike youn ak lòt, menm si gen anpil popilasyon nan mond lan ki posede plizyè lang pou moun yo itilize lè yo bezwen kominike. Powèt Georges Castera di « 2 lang pa batay, 2 lang tete lang ». Sa vle di pou powèt la, 2 lang kap itilize nan yon kominote, youn te dwe richès lòt, youn te ka konplete lòt, youn ka konte sou lòt san bri san kont… men lè yon senatè rive sou Chapit 4 (IV) epi li repete chapit YVES (IV), pandan nap ri nou te ka di Yes AYA HA HA HA HA.  Se pa ri m ta ri, men m bije ri, lè m wè Fanm Fatra a kap fòse  fè yon diskou an fransè devan yon dal kòlèg ak otorite ki pale kreyòl, ki konprann kreyòl, nou te ka di sa se yon gwo « Feublès ». Se dwe paske prezidan Jovenel Moise konn « feublès » peyi a  ki fè se chema direktris sila li chwazi pou ranmase fatra pannan madanm lan tou pwofite pale fatra nan lang zòt yo. Pandan nap li ti tèks sila a, nou gen dwa fè yon ti ri. Lajounen jodi, nou annafè ak yon dal otorite, menm si yo pa imoris ki soti nan vil « Paris », yo ka fè w ri jouk ou pipi. Sa rive nan anpil peyi, kote yon otorite di yon betiz, epi pèp la ri jouk li pran kriz.

Nou menm, olye nou tonbe nan griyen dan sou otorite ki moute sou pye sitwon kap grennen sirèt bay pèp, nou ta pito pwofite eseye kesyonnen pwoblèm lang lan ak idantite li. Paske pou nou, pwoblèm lan pi grav pase jan nou konprann li an. 

Nou se yon pèp ki gen 2 lang nap itilize. Kreyòl ak Fransè. Se pa jodi a nap itilize 2 lang sila yo. Se pa jodi a nonplis pwoblèm lang lan te dwe fè daba nan sosyete a. Jodi a, nouvo gwoup otorite sila yo ki vin dirije nou yo moutre nou, li lè li tan pou nou foure dwèt nou nan maleng lan pou nou eklate li, menm si lap fè nou mal anpil. 

Anpil gwo chèchè tankou Yves Dejean, Pradel Pompilus deja poze pwoblèm koabitasyon 2 lang yo. Men, travay lavaj sèvo a tèlman gen fòs jouk koulye nan pratik lengistik nou kòm pèp, nou poko janm rive jwenn sou ki pye poun kanpe lè nou dwe pran lapawòl nan piblik. Travay alyenasyon an, fè nou pa renmen sa nou genyen (lang nou ak richès kiltirèl) nan patrimwa n nou ki fè nou diferan pami tout pèp sou latè. Alyenasyon an se depi nan lekòl tou piti yap anpeche nou pale lang nou, yo pa vle nou bat tanbou, yap fòse nou manje onmbègè, yo aprann nou rayi sa nou ye, yo fè nou rayi koulè po nou. 

Nou te batay nou kwape kolon yo, yo reziye yo ale, men yo fòse nou aksepte kenbe yon Klèje ki egzije nou adopte yon modèl lekòl kote tout liv nap itilize yo ekri an franse, yo ban nou istwa golwa, yon bannou istwa « Tour Eifel », men yo pa janm moutre nou « Pon Wouj ». Yo pa janm aprann nou li « Ti dife boule sou listwa d Ayiti » (Michel Rolph Trouillot), yo pa ban nou li « Dezafi » (Franketienne), yo pito jouk koulye ap fè pitit nou li «Le Cide» olye yo bannou vrè istwa Chalmay Peral. Depi tou piti nan lekòl moun yo, yo aprann nou Kreyòl pa lang. Si Kreyòl pat lang, Guy Junior Régis pa tap janm tradui Albert Camus (L’étranger) an Kreyòl. Gary Victor pa tap janm tradui Saint Exupery (Le Petit Prince) an kreyòl. Se sèl yon enbesil sèvèl akasan ki pou di kreyòl pa lang. Yo anpeche nou pale kreyòl lekòl pandanstan lakay nou, nan lari, nan mache tout kote nou ye se kreyòl nou itilize lè nap achete, lè nap chante, lè nap danse, lè nap fè lanmou se kreyòl nou pale. 

Map repete apre Marc Exavier : « Lekòl nan peyi d Ayiti se yon fabrikasyon zonbi ». Yo fè nou pase yon bann tan sou ban lekòl ap aprann istwa lòt peyi nan lang franse, lè nou kite lekòl la, nou lage nan peyi d Ayiti pòtre yon dal zonbi kannannan, nou pa konn anyen sou peyi nou, nou pa fouti pran lapawòl nan piblik pou nou eksprime panse nou. Paske boutofen nou kite lekòl la san okenn konesans sou sa nou ye ak yon dal prejije sou lang nou, sou idantite nou ak sou kilti nou. 

Pi bon mwayen pou fè edikasyon yon pèp se itilize lang li pale a pou aprann li tout sa ki enpòtan li dwe konnen pou li viv menm jan ak lòt pèp sou latè. 

Nan monn lan, tout popilasyon yo konnen yon lang se yon zouti kominikasyon ki ka ride youn konprann lòt. Se sèl an Ayiti, nou konsidere lang kòm yon zonti pou fè chèlbè. Se sèl an Ayiti, metrize yon lang egal konesans. 

Chak pèp, chak nasyon sou latè gen pwòp lang li, drapo pa li, kilti pa li. 

Nanpwen okenn lòt mwayen ki pi efikas pou fè edikasyon yon pèp si se pa lang abitan yo pale a nou itilize. 

Pou dayè, menm si yon sitwayen ta tonbe nan yon peyi etranje, se yon devwa pou sitwayen sila chache pale lang kap itilize sou teritwa etranje kote li rive a, pou echanj yo ka pi fasil. Nou dwe konnen, yon lang se senbòl yon patri, idantite kiltirèl yon nasyon moun ki diferan ak lòt nasyon. 

Yon peyi gen dwa gen 2 osnon plizyè lang lap itilize. Men, sa yo rele lang manman li menm li sipoze yon priyorite, paske lap toujou parèt pi fasil pou yon moun eksprime panse li nan lang manman li lè lap pale, menm si moun sila pa gen okenn konesans sou jan lang lan ekri. 

Pa egzanp, yon fransè gen dwa pa konn kouman poul ekri yon mon franse, men lè w koute li kap pale lang manman li, ou ka di misye te pase yon titan lekòl, alòs franse sila a gen dwa pat janm pase nan okenn lekòl, sèl bagay, yo pa fèl pè pale lang li, li pa gen okenn konplèks ak prejije sou lang li.  

Nan anpil peyi ki gen 2 lang yo, sa konn rive, pi fò moun ki konsyan nan popilasyon an konn ap poze tèt yo kesyon, pou yo konnen ki lang yo dwe itilize pou lòt moun ka konprann yo pi fasil pou lòt moun pa pran yo pou enbesil.   

Nan sans pa mwen, mwen kwè se lang manman an ki ta pi bon pou itilize. Men fòn mete nou dakò, pafwa lang ki ofisyèl la konn vale lang manman an. Poutan si nou dakò ak powèt Georges Castera : « 2 lang pa ta dwe nan batay, 2 lang te dwe tete lang ». Poutan se pa sa nou wè nan peyi pan ou, kote lang franse a yo rele ofisyèl la, alyenasyon, konplèks ak prejije fè li toupizi lang kreyòl la.

Banm chans pwofite pataje ak nou, yon lòt pi gwo danje ki genyen nan itilizasyon kreyòl ak franse nan peyi d Ayiti. Mwen pa yon konesè nan lang lan, se dwa mwen pou mwen di sa mwen panse sou koze a.   

Nan nouvèl mwen koute ki soti nan divès sal nouvèl anba kout plim divès kalite redaktè veteran nan anpil radyo nan peyi a. Sa fè mwen mal. 

Sa fè mwen mal, paske pou sakrifis ak batay ki fèt pou lang kreyòl la rive la, yon moun ki jounalis, se yon moun kap li chak jou, kap fè rechèch chak jou, mwen kwè yo gen mwayen ak zouti ki disponib pou yo aprann ekri ak pale lang kreyòl la, jan nouvo règ gramatikal ak òtografik yo egzije sa. Mwen limen pwojektè a sou jounalis parèy mwen yo, rezon an senp. Lè lang senatè a te patinen enkapasite pou l kontui panse li an franse a, gen yon dal nan pami jounalis parèy mwen yo ki tap griyen dan, fè deba, jaze sou otorite a. Epi pwoblèm pa yo a pi grav pase ni senatè a, ni fanm fatra a.

Tout konba ki fèt pou avansman, fè jodi a nou gen yon akademi kreyòl ki reyini yon bann defansè, teknisyen ak travayè nan lang lan ki kontinye ap Mennen batay pou kreyòl ayisyen an li ale pi lwen toujou. Akademi an la poul akonpaye tout pwogrè, li la pou li bay tout travay enpòtan sou lang lan bourad. Menm si nou ka di jouk koulye nou poko rive konprann travay akademisyen yo.  

Anvan mwen ale pi lwen, mwen ta renmen voye yon gwo kout chapo pou Radyo Karayib ki te koumanse fè plas pou Lang kreyòl la nan pwogram li yo ak nèg sosyete Koukouy yo ki tap bay lang nan bourad. 

Koulya lè rejim bout di Duvalier yo fin disparèt, anpil lòt radyo te tanmen fè emisyon an kreyòl, menm si kreyòl yo tap pale epòk sa nan emisyon yo se restavèk lang franse a. 

Sou kote tout batay pou avansman lang kreyòl la, fòk nou konsidere rezistans jenerasyon ekriven Felix Morisseau Leroy, pase nan jenerasyon TOGIRAM (Emile Celestin Mégis), Franketienne, Georges Castera ki bannou yon lang ki bann posiblite fè sa nou pito nan literati a.   

Pou kalte travay ki deja fèt pou mete kreyòl la kote li ye Jodi a, lè mwen menm kòm jounalis-ekriven kap travay sou lang nan, kèm toujou prèt pou eklate lè mwen wè jounalis parèy mwen kap masakre lang lan, san respè pou règ gramatikal ak òtografik kreyòl la. 

Mwen ta ka di se mechanste yap fè, men tou mwen ta ka di se parese moun sila yo ap fè, paske Jodi a gen yon dal zouti ki disponib ki bay mwayen pou nou ekri kreyòl la byen, pou nou pale li byen tou san nou pa kreye konfizyon nan tèt moun kap koute osnon sila yo kap li pwodiksyon ki fèt nan kreyòl la.

Sou kesyon pwoblèm sa yo, akademisyen, womansye Pierre Michel chery fè mwen li yon atik li te ekri nan jounal Le Nouvelliste nan lanne 2014, kote li bay anpil limyè sou anpil fòs fè nwa ki kontinye jouk Jodi a ap kwense kreyòl la. 

Atik Pierre Michel Chery a, lonje dwèt li an premye sou mòd  ansèyman kap fèt nan lekòl yo nan peyi d Ayiti. 

Lontan lontan an Ayiti yo pat konn vle elèv pale kreyòl nan klas. Kòmkwa kreyòl se lang bosal, se lang moun ki pa konn li. Se kòm sim ta diw depi yon moun pale franse, se fò moun sa fò, se paskel konn li ki fè li pale franse. Bagay sa vin kreye yon gwo pwoblèm nan sosyete a, kote nou jwenn yon dal moun ki toujou ap tòde bouch yo lanvè an bounda poul pou yo fòse charabya rabache kolepyese de twa mo jouk kò mo yo fè yo mal. 

Jodi a Itlizasyon lang franse nan liv, nan devwa, nan egzamen ofisyèl nan yon peyi, kote pi fò popilas la ap sèvi ak lang kreyòl sèlman, sa gen gwo konsekans sou kalite fòmasyon moun ap resevwa anndan peyi a. Fòmasyon an pa janm kòdyòm vre, paske anpil fwa, elèv yo pa janm rive konprann fasil sa yo li an franse a kòmsadwa.     

Fòk nou pa wont, fòk nou pa pè denonse yon bann modèl nan medya, patikilyèman modèl radyo yo kreye nan sosyete a. Modèl sila yo, yon bann gwo vedèt, se sou yo sosyete a kopye. Yon dal jounalis ki fè karyè nan domèn lan, ki poko janm vle pran konsyans sou yon bann chanjman ak avansman ki fèt nan lang kreyòl la. Chanjman sa yo se koumansman rezilta batay kap fèt pou wete lang kreyòl la anba dominasyon lang franse a. Lang kreyòl se pa sèl lang ki sibi dominasyon lòt lang.

Nou menm jodi a, nap batay anpil pou nou netwaye lang kreyòl la. Alòs fòk nou di, pi gwo pwoblèm sila yo kap mennen batay la, se paske jouk koulye, anpil jounalis, anpil gwo palto ki plase nan nivo ki pi wo nan chapant sosyete a, nan leta, nan sektè prive a, nan tèt moun sa yo, lè yo pale yon kreyòl ki gen anpil mo franse ki fè yo egzijans pwenti bouch yo an bounda poul pou fè chèlbè, yo kwè se lè sa yo ka rele yo moun save, moun ki konn li. 

Kategori moun sa yo pou Pierre Michel Chery ak divès lòt teknisyen nan lang lan, moun sa yo ap pale yon kreyòl Fransize. 

Nou rele fenomèn sila dekreyolizasyon.

Dekreyolizasyon an se fenomèn yo konstate nan sosyete  kote lang kreyòl yo ap disparèt, pou yo kite plas la bay lang metwopòl la. Fenomèn dekreyolizasyon an pa nan reyalite jodi a an Ayiti. Men, alevini k ap fèt ant lang kreyòl la ak lang franse a pèmèt nou konstate gen yon rado fenomèn ki mande pou moun reflechi sou yo. Anpil nan fenomèn sa yo mache avèk sa nou rele kreyòl fransize a. 

Kreyòl fransize a se yon modèl pale kreyòl anndan peyi a ki plis ap kopye sou gramè lang franse olye li suiv gramè lang kreyòl la. Pwoblèm nan vin konplike akoz anpil ayisyen konprann se yon demach lejitim pou yo jistifye sa yo di an kreyòl la apati gramè franse yo aprann lekòl la. 

Moun ki pase lekòl, ki pa t gen chans aprann gramè lang kreyòl la lekòl, yo toujou ap tann pou lang kreyòl la bay yon fòm ki suiv menm chema yo abitye jwenn nan lang franse a. 

Sa rele parès. Jounalis yo pran nan pyèj sila chak jou nan tout tèks yap ekri pou bay nan jounal kreyòl yo nan radyo ak televizyon. Nan fraz yo, nap jwenn youn osnon 2 mo kreyòl ki nwaye nan mitan yon dal mo franse ki kenbe men m chapant ak fòmil lang franse a bay la. Nou menm nou konprann bagay la yon lòt jan. Paske nou kwè yon jounalis ayisyen kap itilize lang lan chak jou, dwe pote lèy sou nouvo dokiman ki moutre jan pou yo mache kole kole ak avansman ki fèt yo. Yo dwe fè rechèch tou sou jan yo dwe ekri, ak règ gramatikal, òtograf elatriye…

Akademi kreyòl la ki kreye a, se pa li ki pral moutre nou kouman lang lan ekri jodi a….. 

Akademi Kreyòl Ayisyen dwe kontinye travay pou ede lang kreyòl la jwenn plas li merite nan sosyete a, pou ede garanti dwa lengwistik popilasyon an ki dwe fyè de lang li pale.

Bon, kòm nou menm nou pa plase nan plas pou nou deside sou sa ki dwe fèt nan peyi nou, nou ta bay responsab ak tout moun ki konsène yo konsèy pou yo fè ayisyen an aprann li ak ekri, fè kalkil ak tout lòt matyè yo nan lang kreyòl la, depi nan primè, pase nan segondè jouk nou rive nan inivèsite. Sa pa vle di nou rejte lang franse a. 

Paske mwen menm mwen kwè se yon bagay ki grav anpil, lè nap gade yon jounalis, osnon yon ayisyen nan nivo byen wo ap ekri franse lap pran prekosyon pou li pa fè fot, epi lang manman l ak papa l la li ekri li jan li pito, san respè ak jennman. Sa vle di nou meprize sa ki pou nou an. 

Moun yo vini yo touye kochon kreyòl nou yo, epi yo voye zòrèy ak zagribay trip kochon blan yo fè ak men ban nou, nou aksepte. 

Jodi a  se lang kreyòl la ki antrave, kwense, antòtye kap soufri anba dan lang frans a. Pafwa, lè foli franse nou moute nan tèt nou, nou di kreyòl pa lang. Men si nou pa gen ti memwa, na sonje yon lè se te lang fransè a ki tap dangoye anba divès kalte lang. Pami yo, laten. Nou espere yon jou, lang kreyòl la ap souke kòl, pou li retire tout fatra ak preji ki anpeche li vanse.

Jodi a, pale ak ekri kreyòl dwe yon priyorite e yon nesesite pou nou. 

Mezanmi, ann pale kreyòl.

Bòs Madichon 

Louisiana 7 avril 2017