Accueil | Nouvelles | En Kreyol | Annou sove ENARTS

Annou sove ENARTS

Taille de la police: Decrease font Enlarge font
image

Sa fè lontan mwen anvi di yon ti mo sou ENARTS : L’Ecole Nationale des Arts.

Men, franchman, li te toujou parèt yon egzèsis difisil pou mwen, paske mwen te toujou nan difikilte pou mwen jwenn yon mannyè ki ka pa deranje pèsonn lè map di sa mwen santi a. Boutofen, mwen prefere di sa mwen panse, jan mwen toujou fè sa, jan mwen panse li a, menm si sa deranje osnon fè moun fache ak mwen. Epi tou, kite melem yon moun, osnon yon gwoup moun fache si pwennvi pal pa sanble ak pwennvi pa mwen sou kesyon an. Mwen te sispann pase ENARTS, pou yon rezon byen senp. Paske mwen estime, yon espas kote nou ap fome atis, pa dwe ap nwaye nan salte tout kalte sou tout fòm. Mwen kwè nan lanne 2017, (venteyinyèm syèk) twalèt, espas kote pou moun al pise, watè elatriye pa dwe sanble ni ak bwatchèn, ni yon kote yo fè gadinay zannimo. Banm di ti mo pam lan pi vit, san twòp literati. 

 Sa gen kèk ane, depi ENARTS ap degrengole desann nan yon marekay.  Ata menm vè ak mouch refize poze sou lekòl la. Se rezon sila ki fè, divès ansyen etidyan ak pwofesè pa janm sispann mande èske : Fòmasyon atistik ak kiltirèl sitwayen-sitwayèn ayisyen-ayisyèn se yon priyorite pou dirijan ki plase nan nivo ki pi wo nan estrikti leta a.  Sa ka gen anviwon yon mwa, depi mwen vin pou antre ENARTS, bisuit leta (wòch) kap vòltije, ak kawotchou (enstriman Jean Bertrand Aristide) te bannou an kap boule fèm kase tèt tounen. Mwen te bije tann sitiyasyon an kalma, lè kòlè dife ak wòch yo manyè bese, mwen retounen fè yon kout pye pou konnen sa kap pase. 

Lèm antre nan espas la, mwen li sou tout miray : «Otèl 7 etwal 250 goud moman, respekte dwa etidyan yo, bòdèl Kaka kap fèt, akò ministè kilti ak edikasyon an pou respekte, byen vini nan otèl ENARTS, Leopòl nou vle bon dirijan, Enarts trè malad ak yon bann dirijan sansi, dechay, kadejak, voksal, kòripsyon, ti sousou, zonbi, tisèvèl… »

Men ki kalite pawòl san parabòl ki ekri sou mi yon sèl espas leta genyen kap fè fòmasyon atistik ak kiltirèl jenn gason ak fanm ki fin fè klas filo ki deside se metye atistik pou yo egzèse nan sosyete a. Depi anviwon yon mwa, se klima sila a nou jwenn nan Enarts ki fèmen pou kouwèl ye la, kote okenn seksyon nan sa ki rete yo (Arts plastiques, Danse, Théatre et Musique) pap mache. 

Nanpwen mwayen pou kou yo fèt. Nanpwen materyèl. Nanpwen okenn posiblite pou kou yo fèt daprè etidyan ki deside fèmen pòt lekòl la. Mizapa sa nou di la yo, gen lòt kesyon enpòtan nou dwe poze tankou : « Ki vrè oryantasyon Enarts ? Ki estati li ? ki veritab misyon li ? Ki nivo pwofesè kap fè kou yo ? chaje lòt kesyon ki merite poze…

Nou konnen byen, kesyon nap poze sou Enarts yo ka fè moun voye pye. Paske yo sansib anpil, sitou nou nan yon peryòd kote nouvo gouvènman ki la jodi a, ap fè anpil chanjman nan chapant leta a. Men, nou ka di direktè ki nan tèt Enarts jodi a, pa enkyete li, se pa li ki vini ak pwoblèm yo. Menm si nou ka repwoche misye « mouda mouri li » ki anpeche li chache mwayen pou wete lekòl la nan latrin li ye depi plis pase 15 zan déjà. Nou rekonèt talan Philippe Dodard kòm atistis. Men, pou nou, li manke talan ak vitès ki ka fòse otorite ki pi wo pase li yo pran responsablite yo, e rive enpoze Enarts kòm yon priyote nan domèn fòmasyon atistik ak kiltirèl nan sosyete a. 

Nan dezyèm semèn mwa mas pase a, mwen kontre sou lakou lekòl la, youn pami 4 etidyan ki te deside mete sou pye mouvman revandikatif sila a, kote li pataje ak mwen, diferan revandikasyon li menm ak anpil lòt etidyan genyen sou lekòl la ki ap mal fonksyone, ki pa mete etidyan yo nan bon kondisyon pou yo aprann kòm sa dwa. Apre yo te fin voye yon rapò bay direksyon lekòl la, apre plizyè rankont chita pale, anyen pa mache. Okenn pwomès dapre itidyan yo pa respekte.

Revandikasyon yo anpil. Anpil ladan yo kòrèk. Pami yo nou jwenn youn ki raple yon akò ki te tabli ant ministè kilti, ministè edikasyon ak Enarts ki prevwa kontra pou etidyan ki fini kap kite lekòl la, staj pou etidyan dezyèm ak twazyèm ane yo sou kesyon edikasyon atistik ak estetik. Achiv yo ka demanti sa mwen di la a, sou kesyon akò ki te siyen 20 janvye 2016 pase a sou prezidans Michel Joseph Martelly ki li menm  se yon atis ki pat mete ENARTS nan lis priyorite li yo malerezman. Li te pito mache gouye, nan banbòch kanaval, bal ak festival…

Gen yon mechanste, dirijan peyi d Ayiti ap fè sosyete ayisyèn lan ki pa mens menm. Yo toujou pran pòz nanpwen lajan pou depanse nan fòmasyon. Gade byen na wè nan ki eta leta kite inivèsite leta sou lagraba. 

ENS, FASCH, Fakilte Syans … pou site sa yo sèlman, se egzanp ki moutre zafè fomasyon moun ki pou dirije peyi d Ayiti nan 15 zan, 20  tan pa priyorite pyès diri-jan, okenn gouvènman. Poutan anverite, si yo te vle anpil bagay ta chanje.

Yon ti moso tou piti nan chay lajan pwès yap gagote nan kanaval chak ane ta ka sèvi pou itil nan fòmasyon sou edikasyon. 

Si nou retounen pa egzanp sou akò ministè edikasyon nasyonal te siyen ak ministè kilti sou koze pwomosyon pou edikasyon atistik ak estetik la. Mwen kwè yon nesesite. Jodi a li ijan, pou dirijan yo ta mete sou pye yon pwogram ki la pou fòme anseyan nan domèn kiltirèl, atistik ak estetik pou yon pi bon fòmasyon pou jenès la. 

Kitem poze kèk ti kesyon anplis.

Ki kalite kou yo bay etidyan yo? Ki fòmasyon pwofesè yo. Kiyès ki chita pou prepare pwogram ak modil kou yo nan ENARTS? Marc Exavier te konn fè kou nan ENARTS, li bije kanpe kou a, paske etidyan yo pa gen nivo( yo pa ka ekri yon fraz kòrèk ni an kreyòl, ni an franse). Ki kondisyon pou yon moun vin pwofesè nan ENARTS ? Ki kondisyon pou yon moun vin etidyan nan nan lekòl sila ?

Depi 3 zan deja, atis ayisyen Kevens Prevaris toujou akonpanye yon gwoup pwofesè bèlj nan kad yon pwogram mizanivo pou pwofesè ayisyen yo. Depi lè a chak ane yon delegasyon pwofesè etranje vin an Ayiti, travay, fè echanj ak pwofesè ak elèv lekòl la. Anpil fwa, ou ta mande tèt ou, kisa demach sila yo ka fè pou yon lekòl ki sanble pa fè pati priyorite okenn konsène lèn konsidere ti kaka aran yo ba li nan bidjè a. 

Gen moun ki kwè, fòk ENARTS ta fèmen nèt pou restriktirasyon. Pierre Rigaud Chery pataje enkyetid li ak mwen sou kesyon an. Kòm kwa pou li, nanpwen okenn solisyon pou ENARTS nan nivo li desann lan si leta pa pwofite pannan li fèmen an pou yo refòmate li delatètopye. 

Konsa tou, gen moun ki kwè espas kote lekòl la ye a, pa gen kapasite pou bay yon bon famasyon. Epi tou, èske yon sèl ENARTS ki chita nan nan ri monsenyè Giyou ka responsab pou fè edikasyon atistik tout yon nasyon, sitou nan moman nap pale la a kote li prèske disparèt la?

Bòs Madichon 

Louisiana 10 avril 2017.




Audionow:
Etats Unis: 641.552.5200 T-Mobile/MetroPCS: 360.398.4333 Canada: 438.795.4395 514.900.6012 Bresil 021 40 42 11 31 France: 01.90.14.14.75 Republique Dominicaine 849.936.7140 Mexique 08.99.27.46.700
Studio: 718) 355-9853 / (718) 303-2551 / (509) 2813-9450 / (509) 2813-9452 / (509) 2813-9456 Adresse: 45, Rue Chavannes Port au Prince, Haiti
Email: radiocaraibesfm<at>yahoo.fr
Tél: (509)4300-4300 / 3701-4300
WhatsApp: (509) 3701-4300

  • email Envoyer par email à un ami
  • print Version imprimable
  • Plain text Texte complet
Notes
Pas de note pour cet article
Estimez cet article
1.00