Accueil | Nouvelles | En Kreyol | Claude Pierre: yon potomitan pou Akademi Kreyòl Ayisyen

Claude Pierre: yon potomitan pou Akademi Kreyòl Ayisyen

Taille de la police: Decrease font Enlarge font
image Claude Pierre

Tèks sila te pibliye nan jounal Le Nouvelliste 26 jen pase a. Nou repibliye li. 

Claude se te yonn nan premye moun  ki te ranmase kout rèl Inivèsite Leta a te fè  pou mete kanpe Akademi Kreyòl Konstitisyon  1987 la  prevwa a. 

Se te nan mwa oktòb 2008. VisRektè Rechèch la t ap louvri 12èm Kòlòk Etid  Kreyòl ki t ap fèt nan peyi d Ayiti pou  premye fwa. Li te tou pwofite branche patisipan yo sou kesyon Akademi Kreyòl la.

Claude annik tande pawòl la, li pa t pran tan pou l te fè nou konnen  jan kesyon sa a enterese l. Li te tou ofri sèvis li pou ede fè lide a vanse. 

Nan moman sa a, Claude te deja  sou yon bèl elan. Li te  fenk fin patisipe nan premye rantre literè kreyòl Près Nasyonal d Ayiti te òganize nan Inivèsite Karayib, nan kad Vandredi Literè.

 Depi lè sa a, Claude anbake nan pwosesis pou  mete AKA (Akademi Kreyòl Ayisyen) sou pye.

Claude ansanb ak Rachèle  Beauvoir te ban nou bon koutmen lè n t ap  mete kanpe premye Komite Inisyativ pour tabli Akademi Kreyòl la, nan mwa avril 2009. Komite sa a te gen 5 manm : Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon (SEA), Jounal Bon Nouvèl, Près Nasyonal d Ayiti, Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen (KNVA) ak Inivesite Leta d Ayiti (UEH).

Pou m di laverite, nou te konnen sa n te vle fè a men nou pa t klè sou ki jan pou n te fè l, ki chemen pou n te pran, ki wout pou n te pase. Mwen pa bezwen di n ki kalite difikilte n te jwenn. Claude te toujou la, ap ede n chache, ap ban n konsèy, ap rale moun pou nou.

Komite  a te  pibliye premye nòt li nan mwa oktòb 2010. Se lè sa a li anonse yon kòlòk pou ane 2011. Nan pale ak moun k ap travay nan mouvman kreyòl la, kit se militan, kit se entelektyèl  kit se lengwis, nou te fini pa wè ke si pou n vanse, fò k nou mete tout moun chita nan yon  gwo woumble. Fòk nou te rive mete nou dakò sou anpil kesyon : Ki Akademi ? Eske fò k li menm jan ak Akademi franse ? Ki jan pou l òganize, ki jan pou l mache ? Ki moun ki dwe ladan l ?

 Claude te la. E se limenm ak kanmarad nou,  Rodny Esteus,  ki te pran chay komite preparasyon Kòlòk sa a. Tout moun konnen ki wòl estratejik kòlòk la jwe sou chimen  Akademi an.

M sonje jou swa n ap fèmen kòlòk la, Claude te ozanj. Li pa t kache di nou jan l te santi yon kè kontan wòtpòt. Se tankou li wè rèv li te prèske reyalize.

 Nou vin fòme « Komite pou Tabli Akademi Kreyòl la ». Claude la pi rèd.

Nan komite sa a, Claude se te yon fòs. Anpil lide, anpil konsèy, anpil pawòl sajès. Claude te toujou raple nou  batay n ap mennen an se pa batay kont yon lang. Se pa batay kont lang franse. Li toujou renmen di : « nou pa gen pwoblèm ak pyès lòt lang ». Li konn bay egzanp pwòp tèt li kòm powèt. Li ekri nan toulede lang yo. Li toujou presize :  batay la se pou lang pèp la, pou lang nasyonal peyi a,  jwenn plas li nan tout domèn anndan peyi d Ayiti.

Claude te toujou ensiste pou Akademi an louvri pou tout moun. Pou l pa rete chita nan Pòtoprens. Li dwe prezan tou nan tout pwovens tankou aletranje. Nan lespri pa l, fò k  chak depatman jeografik peyi d Ayiti ta gen pou pi piti yon reprezantan nan Akademi an. Li te goumen anpil  pou dyaspora a prezan tou. Li te toujou  raple n travay dyaspora a kontinye fè aletranje sou kesyon lang kreyòl la. Li te renmen bay egzanp "Sosyete Koukouy" ak kèk lòt. 

Se Claude ki te fè pwopozisyon pou Konsèy Akademisyen an gen ant 33 ak 55 manm. Nan lojik pa l, ant 3 ak 5 manm ta dwe soti nan chak nan 10  depatman peyi d Ayiti yo epi ant 3 ak 5 nan onzyèm  depatman an ki se dyaspora a.

Gen plizyè lòt atik nan lwa  sou Akademi an ki soti dirèk dirèk nan lide Claude.

Claude te wè lwen anpil. Yonn nan lide l te ankouraje se te pou Pwojè Lwa Akademi an te pibliye lajman  laj, sou papye, sou entènèt, sou jounal, elatriye. Li te vle pou tout moun te ka bay dizon yo anvan Palman an te rive vote l.

Sena a ak Chanm Depite a vote lwa a yon premye fwa (desanm ak avril 2013) epi yon dezyèm fwa (jiyè 2013) apre Prezidan peyi a fè objeksyon sou li. Vin gen batay pou lwa a pwomilge. Answit pou lwa a aplike. Answit fòme komite seleksyon. Epi rekrite Akademisyen… Tout difikilte pou Akademi an rive  enstale … Claude te kanpe ak  nou nan tout peripesi sa yo. 

… Jiskaske Akademi an rive tabli toutbon. 

Si gen yon moun ki kanpe avè n depi premye kout rèl pou Akademi an kanpe a, se Claude. Li fè tout chemen an ak nou. Li pa janm lage nou. Li te toujou yonn nan poto mitan Akademi an.

Nou dwe  l yon chay rekonesans.

Pou mwen pèsonèlman,  se te yon  kolèg, yon zanmi, yon kanmarad. Lavi a te fè nou vin kavalye polka. San nou pa t planifye sa.  Li te toujou renmen raple premye moman yo. Lè nou pa t konnen ki kote sa t ap mennen nou.

Se yon frè mwen pèdi. Yon Ayisyen korèk, konsekan. Anpil senserite. Anpil jenewozite. Anpil konviksyon. 

Bonjan pitit peyi d Ayiti.

25 jen 2017 



Audionow:
Etats Unis: 641.552.5200 T-Mobile/MetroPCS: 360.398.4333 Canada: 438.795.4395 514.900.6012 Bresil 021 40 42 11 31 France: 01.90.14.14.75 Republique Dominicaine 849.936.7140 Mexique 08.99.27.46.700
Studio: 718) 355-9853 / (718) 303-2551 / (509) 2813-9450 / (509) 2813-9452 / (509) 2813-9456 Adresse: 45, Rue Chavannes Port au Prince, Haiti
Email: radiocaraibesfm<at>yahoo.fr
Tél: (509)4300-4300 / 3701-4300
WhatsApp: (509) 3701-4300

-->
Notes
Pas de note pour cet article
Estimez cet article
2.00