Accueil | Nouvelles | En Kreyol | “Ki wòl medya (radyo) ka jwe nan fè pwomosyon ak sansibilizasyon pou lang kreyòl ayisyen an?”

“Ki wòl medya (radyo) ka jwe nan fè pwomosyon ak sansibilizasyon pou lang kreyòl ayisyen an?”

Taille de la police: Decrease font Enlarge font
image

Zanmi kanmarad, jounalis, etidyan, ekriven, chantè, chèchè… elatriye, mwen wete chapo devan nou tout ki kwè lang kreyòl ayisyen an merite pou nou ba li jarèt. Mwen wete chapo devan tout moun ki pa wont itilize lang lan san jennman.  

An derapan mwen salouwe REK regwoupman ekriven kreyòl yo kap pare yo pou yo fete 3 zan depi yo ap travay pou avansman lang sila ki rele kreyòl la. 

Nan lapawoli jodi a, mwen chwazi mete radyo nan nannan koze a. Paske se youn pami zouti ki gen plis pisans nan kominikasyon. Se pou sa, an derapan, depi nan tit tèks sila a, mwen poze kesyon an: “Ki wòl medya (radyo) ka jwe nan fè pwomosyon ak sansibilizasyon pou lang kreyòl ayisyen an?”

Fòm di nou, kesyon mwen poze a, se pa moun kap li tèks la sèlman mwen poze li. Dabò, mwen poze tèt mwen kesyon an tou kòm yon sitwayen kap itilize lang lan prèske nan tout sa mwen ap fè chak jou. Nan radyo, nan televizyon, nan liv mwen ekri (Zetwal Anba Wòb)… mwen pran plezi nan itilize lang ki fèm santim diferan nan pami tout nasyon moun kap viv nan mond. 

Anpil nan ou kap li tèks sila a, nou konnen menm jan ak mwen, nan peyi kote pèp yo ap benyen nan sivilizasyon, yo sèvi ak radyo anpil pou pataje konesans bay moun yo, pou enfòme moun, pou sansibilize moun... 

Daprè konsta pa mwen, mwen gen konsyans gen yon pwoblèm ki grav anpil nan fason divès kalte kouch moun nan sosyete a ap itilize lang kreyòl ayisyen nan 21e syèk la. E, sa yon ti kras etone mwen tou, lè mwen tande nan bouch moun mwen pa ta janm panse kap di kreyòl pa lang. Alòs, mwen ta mande moun sila yo, nan ki lang map ekri la a, e nan ki lang nou ap li la a ? 

Nou konnen byen se pa yon kout zèklè ki kreye yon lang. 

Se moun yo ki kreye lang yo pou yo ka kominike youn ak lòt. Lè lang lan fin kreye, sila yo kap itilize li yo, yo ba li fòm, yo fè li evolye tanzantan. 

An mizi moun yo ap viv, moun yo ap evolye, se konsa tou lang lan ap evolye ak espesyalis, teknisyen ki ap fè rechèch, ki ap travay sou li yo, san nou pa mete sou kote klas moun ki pi ba nan sosyete a, ki ap itilize li chak jou nan mache, nan lari, nan kizin, bò larivyè elatriye. 

Mwen menm mwen se jounalis, ekriven. Mwen travay nan radyo anpil. Mwen byen ak anpil moun ki travay nan radyo tou. Mwen konn anpil bagay kap pase nan radyo sou kilti ak lang kreyòl la. Kidonk sitiyasyon lang kreyòl la nan medya (radyo), mwen gen mo pa mwen pou mwen di sou li. 

Se sa ki fè mwen poze tèt mwen kesyon «Sou wòl radyo ka jwe kit nan fè pwomosyon lang lan, kit nan pwoteksyon, nan sansibilizasyon, ak nan egzije respè pou lang lan ». 

Lontan gen radyo ki pat rive lwen nan peyi a, jodi a, nenpòt kote yon moun ye nan 4 kwen peyi d Ayiti, wap jwenn yon estasyon radyo kap pale lang kreyòl la nan zòrèy ou, menm si ou te nan peyi lòt bò dlo tou, paske gen anpil estasyon radyo ayisyen ki rive byen lwen nan 4 kwen latè. Fòk nou di lontan lontan direktè medya yo pat konn bay lang kreyòl la yon gwo plas nan pwogramasyon yo. Jodi a nou ka di anpil emisyon fèt an kreyòl. Anpil edisyon nouvèl fèt an kreyòl. Se yon gwo pa. Yon gwo pwogrè. 

Anpil batay te fèt, jouk koulye a batay la ap kontinye pou lang kreyòl la pran plas li kòm sa dwa nan lekòl, nan inivèsite, nan medya, elatriye…

Kòm radyo, se yon zouti sivilizasyon ban ou, pou nou kominike youn ak lòt, pou fè edikasyon pèp nou ; kòm se youn pami zouti ki pi bon yo, nou bije lonje dwèt madichon an sou radyo menm si nou konnen sa ka kreye anpil bougonnen ak wounouwounou. 

Mwen kwè li enpòtan jodi a, pou nou poze pwoblèm lan. 

Lè moun pale nan radyo, moun kap koute yo gen anpil chans pran moun kap pale nan radyo a pou modèl. Enben, li ta enpòtan pou modèl sila yo, lè yap pran lapwòl nan piblik, pou yo pa wont pale kreyòl, lè yap pale nan radyo tou. 

Kòm nou gen konsyans gen anpil gwo travay ki fèt pou avansman lang lan deja, kit travay powetik, kit travay lengistik teknisyen ak espesyalis yo fè, kote nou jwenn yon dal rechèch sou pale ak ekri lang lan; kòm nou fouye nan anpil dokiman, tankou gramè ak diksyonè ki bay posiblite pou elimine anpil konfizyon nan jan nap ekri ak nan jan nap pale, nou ka lonje dwèt madichon an ankò  sou medya yo, sou radyo patikilyèman ki jouk koulye poko janm bay lang lan valè li merite kit nan ekri kit nan pale. Sa pa vle di yo pa ba li plas. Si se pou plas, nou pa ka plenyen. 

Jounalis kap itilize kreyòl nan radyo, ak lòt moun ki plase nan nivo ki wo nan chapant sosyal peyi a, yo se modèl pou rès moun kap suiv yo a. 

Kidonk, li enpòtan anpil pou tout moun kap itilize lang lan nan nivo sa yo a ta pran konsyans sou pwogrè ki fèt yo, pou evite konfizyon ak fot gramatikal. 

Se vre nou konnen, pami moun sa yo, gen anpil ki pat jwenn chans etidye kreyòl lekòl. Anpil ladan yo pat gen chans aprann règ gramè ak òtograf ki bay lang lan fòm li genyen jodi a ki fèl parèt yon lang apa, ki vle chape poul li anba grif lang franse a. 

Men nou kwè si moun sa yo fè yon ti jefò anplis, nap rive wete tout kras, tout gonm salte ki fè nou meprize li, ki fè nou gen  prejije sou li. Kif è nou wont ekri li, pale li kòmsadwa.  

Sa mwen pral di la, li grav anpil. Men map di li kanmenm. Paske si pa gen yon moun ki di li, nou ka kontinye viv ak pwoblèm lan ak nou chak jou, san nou pa fè okenn jèfò pou pote solisyon. 

Lèm koute byen, nan nouvèl ki soti nan divès sal nouvèl anba kout plim divès kalite redaktè wòdpòt nan anpil radyo nan peyi a. Mwen gen plis motivasyon pou pataje doulè mwen ak nou. 

Sa fè mwen mal, paske pou sakrifis ak batay ki fèt pou lang kreyòl la rive la, yon moun ki jounalis, se yon moun kap li chak jou, kap fè rechèch chak jou, mwen kwè yo gen mwayen ak zouti ki disponib pou yo aprann ekri ak pale lang kreyòl la, jan nouvo règ gramatikal ak òtografik yo egzije sa.

Tout konba ki fèt pou avansman, pwomosyon ak pwoteksyon lang kreyòl la, fè jodi a nou gen yon akademi kreyòl ki reyini yon bann defansè, teknisyen ak travayè nan lang lan. Akademi Kreyòl Ayisyen an, nou kwè li ta enpòtan anpil, pou li ta jwenn bon jan mwayen pou li ka kontinye mennen batay pou kreyòl ayisyen an ale pi lwen toujou, paske gen plizyè inivèsite nan mond lan kote yo anseye kreyòl, e se modèl pa nou an yo itilize. Akademi an la pou li akonpaye tout pwogrè, li la pou li bay tout travay enpòtan sou lang lan bourad. 

Anvan mwen ale pi lwen nan ti lapawoli Jodi a, mwen ta renmen voye yon gwo kout chapo pou Radyo Karayib ki te koumanse fè plas pou lang kreyòl la nan pwogram li yo ak nèg sosyete Koukouy yo ki tap bay lang lan bourad. Anpil « koukouy » tankou, Michel-Ange Hipolite, Jean Mapou… se pami konbatan ki merite ochan pou travay yo. 

Lè rejim bout di Duvalier yo fin disparèt, anpil lòt radyo te tanmen fè emisyon an kreyòl, menm si kreyòl yo tap pale epòk sa nan emisyon yo se restavèk lang franse a li te ye. 

Sou kote tout batay pou avansman lang kreyòl la, fòk nou konsidere rezistans jenerasyon ekriven Felix Morisseau Leroy, pase nan jenerasyon TOGIRAM (Emile Celestin Mégis), Franketienne, Georges Castera ki bannou yon lang ki bay posiblite fè chèlbè nou pito nan literati a.    

Pou kalte travay ki deja fèt pou mete kreyòl la kote li ye Jodi a, lè mwen menm kòm jounalis-ekriven kap travay sou lang lan, (nan lang kreyòl la), kèm toujou prèt pou eklate lè mwen wè jounalis parèy mwen ap masakre lang lan, san respè pou règ gramatikal ak òtografik kreyòl ayisyen an. 

Mwen ta ka di se mechanste yap fè, men tou mwen ta ka di se parese moun sila yo ap fè, paske jodi a gen yon dal zouti ki disponib ki bay mwayen pou nou ekri yon kreyòl ki pwòp, pou nou pale li byen tou san nou pa kreye konfizyon nan tèt moun kap koute osnon sila yo kap li pwodiksyon ki fèt ladan li yo.

Sou kesyon pwoblèm sa yo, akademisyen, womansye Pierre Michel chery fè mwen li yon atik li te ekri nan jounal Le Nouvelliste nan lanne 2014, kote li bay anpil limyè sou anpil fòs fè nwa ki kontinye jouk jodi a ap kwense kreyòl la. 

Atik Pierre Michel Chery a, lonje dwèt li an premye sou mòd  ansèyman kap fèt nan lekòl yo nan peyi d Ayiti. 

Lontan lontan an Ayiti yo pat konn vle elèv pale kreyòl nan klas. Gen yon pwofesè ki te pete tèt TOGIRAM ak yon kout bwa, paske li te di yon mo kreyòl nan klas la. Kòmkwa kreyòl se lang bosal, se lang moun ki pa konn li. Se kòm sim ta diw depi yon moun pale franse, se fò moun sa fò, se paske li konn li ki fè li pale franse. Bagay sa vin kreye yon gwo pwoblèm nan sosyete a, kote nou jwenn yon dal moun ki toujou ap tòde bouch yo lanvè pou yo fòse pale fransè. Bagay sila yo fè yon dal ayisyen pa konn kilti yo, yo pa konn idantite yo ak tout sa ki fè nou se yon pèp apa ki diferan pami tout lòt pèp sou latè ki gen patrimwa n pa nou menm jan ak tout nasyon sou latè.

Jodi a itlizasyon lang franse nan liv, nan devwa, nan egzamen ofisyèl nan yon peyi, kote prèske tout moun ap sèvi ak lang kreyòl sèlman, sa gen gwo konsekans sou kalite fòmasyon moun ap resevwa anndan peyi a. Fòmasyon an pa janm kòdyòm vre, paske anpil fwa, elèv yo pa janm rive konprann fasil sa yo li an franse a kòmsadwa.     

 

Poun pa pèdi wout kesyon nou te poze a, ki fè nou limen flanbo nou sou medya yo, sou radyo patikilyèman.  Fòk nou pa wont denonse yon bann modèl, patikilyèman radyo yo kreye nan sosyete a. Modèl sila yo, yon bann gwo vedèt, se sou yo sosyete a kopye. Yon dal jounalis ki fè karyè nan domèn lan, ki poko janm vle pran konsyans sou yon bann chanjman ak avansman ki fèt nan lang kreyòl la. Chanjman sa yo se koumansman rezilta batay kap fèt pou wete lang kreyòl la anba dominasyon lang franse a. Lang kreyòl se pa sèl lang ki sibi dominasyon lòt lang. Gen yon epòk, lang franse a te nwaye nan mitan yon dal lòt lang ki tap toupizi li tou. Jodi a, lang franse a vin pwòp, li simaye nan kat kwen latè. Otorite franse yo mache mete alyans fransèz nan kat kwen latè pou pataje lang ak kilti fransèz nan mitan lòt nasyon ak lòt kilti.

Nou menm jodi a, nap batay anpil pou nou netwaye lang kreyòl la. Alòs fòk nou di, pi gwo pwoblèm sila yo kap mennen batay la, se paske jouk koulye, anpil jounalis, anpil gwo palto ki plase nan nivo ki pi wo nan chapant sosyete a, nan leta, nan sektè prive a, nan tèt moun sa yo, lè yo pale yon kreyòl ki gen anpil mo franse ki fè yo egzijans pwenti bouch yo an bounda poul pou fè chèlbè, yo kwè se lè sa a yo ka rele yo moun save, moun ki konn li. 

Kate gori moun sa yo pou Pierre Michel Chery ak divès lòt teknisyen nan lang lan, moun sa yo ap pale yon kreyòl fransize. E se yon gwo danje.

Pou Pierre Michel Chery ki maton anpil nan kreyòl la, yo rele fenomèn sila « dekreyolizasyon ». 

Kisa dekreyolizasyon an ye ? 

Dekreyolizasyon an se fenomèn yo konstate nan sosyete  kote lang kreyòl yo ap disparèt, pou yo kite plas la bay lang metwopòl la. Fenomèn dekreyolizasyon an pa nan reyalite jodi a an Ayiti. Men, alevini k ap fèt ant lang kreyòl la ak lang franse a pèmèt nou konstate gen yon rado fenomèn ki mande pou moun reflechi sou yo. Anpil nan fenomèn sa yo mache avèk sa nou rele kreyòl fransize a. 

Map rapousib Pierre Michel Chery, ki di nou sa yo rele kreyòl fransize a se yon modèl pale kreyòl anndan peyi a ki plis ap kopye sou gramè lang franse olye li suiv gramè lang kreyòl la. Pwoblèm lan vin konplike akoz anpil ayisyen konprann se yon demach lejitim pou yo jistifye sa yo di an kreyòl la apati gramè franse yo aprann lekòl la. 

Moun ki pase lekòl, ki pa t gen chans aprann gramè lang kreyòl la, yo toujou ap tann pou lang kreyòl la bay yon fòm ki suiv menm chema yo abitye jwenn nan lang franse a. 

Sa rele parès. Jounalis yo pran nan pyèj sila chak jou nan tout tèks yap ekri pou bay nan jounal kreyòl yo nan radyo ak televizyon. Nan fraz yo, nap jwenn youn osnon 2 mo kreyòl ki nwaye nan mitan yon dal mo franse ki kenbe men m chapant ak fòmil lang franse a bay la. Nou menm nou konprann bagay la yon lòt jan. Paske nou kwè yon jounalis ayisyen kap itilize lang lan chak jou, li dwe pote lèy sou nouvo dokiman ki moutre jan pou yo mache kole kole ak avansman ki fèt yo. Yo dwe fè rechèch tou sou jan yo dwe ekri, ak règ gramatikal, òtograf elatriye…

Akademi kreyòl la ki kreye a, se pa li ki pral moutre nou kouman lang lan ekri jodi a….. 

Akademi Kreyòl Ayisyen an dwe kontinye travay pou ede lang kreyòl la jwenn plas li merite nan sosyete a, pou ede garanti dwa lengwistik popilasyon an ki dwe fyè de lang natif natal la.

Bon, kòm nou menm nou pa plase nan plas pou nou deside sou sa ki dwe fèt nan peyi nou, nou ta bay responsab ak tout moun ki konsène yo konsèy pou yo fè ayisyen an aprann li ak ekri, fè kalkil ak tout lòt matyè yo nan lang kreyòl la, depi nan primè, pase nan segondè jouk nou rive nan inivèsite. Sa pa vle di pou nou rejte lang franse a. 

Paske mwen menm mwen kwè se yon bagay ki grav anpil, lè nap gade yon jounalis, osnon yon ayisyen nan nivo byen wo ap ekri franse lap pran prekosyon pou li pa fè fot, epi lang manman l ak papa l la li ekri li jan li pito, san respè ak jennman. Sa vle di yo fè nou meprize sa ki pou nou an, pou nou onore sa ki pa sanble ak nou ni an pent ni an piti yo.

Pou mwen ale san pale anpil, nou te ka poze yon dènye kesyon. 

Si leta ta deside yon jou, lap fè administrasyon piblik la an kreyòl, èske sa ap deranje nou?  

Bòs Madichon




Audionow:
Etats Unis: 641.552.5200 T-Mobile/MetroPCS: 360.398.4333 Canada: 438.795.4395 514.900.6012 Bresil 021 40 42 11 31 France: 01.90.14.14.75 Republique Dominicaine 849.936.7140 Mexique 08.99.27.46.700
Studio: 718) 355-9853 / (718) 303-2551 / (509) 2813-9450 / (509) 2813-9452 / (509) 2813-9456 Adresse: 45, Rue Chavannes Port au Prince, Haiti
Email: radiocaraibesfm<at>yahoo.fr
Tél: (509)4300-4300 / 3701-4300
WhatsApp: (509) 3701-4300

  • email Envoyer par email à un ami
  • print Version imprimable
  • Plain text Texte complet
Notes
Pas de note pour cet article
Estimez cet article
0