Google+
Accueil | Notes de Presse | Lèt tou louvri Inivèsitè nan UEH pou Prezidan Martelly

Lèt tou louvri Inivèsitè nan UEH pou Prezidan Martelly

Taille de la police: Decrease font Enlarge font

HAITI/UNIVERSITE : LETTRE OUVERTE AU PRESIDENT MICHEL MARTELLY (LET TOU LOUVRI)... ! Lèt tou louvri Soti nan men : Inivèsitè nan UEH la Pou rive jwenn : Prezidan Repiblik la Objektif : Mande respekte UEH la par James Beltis, samedi 25 février 2012, 09:07 •

Mouche Joseph Michel Martelly, Prezidan Repiblik dAyiti, Nan biwo w yo.-

Se avèk machwè nou gonfle epi gwo kout san n ap ekri w lèt sa a, poutèt sa, n ap fè kòmsi nou bliye latriye prensip bon levasyon ak lizay yo, nou p ap menm wete chapo nou pou salye travay w ap fè nan tèt peyi a depi 14 me 2011 la, jou w te sèmante ak men w sou konstitisyon 1987 la andidan palman ayisyen an, youn nan potomitan demokrasi n ap eseye tabli pa bò isit la depi kèk lane. Epitou, èske jan w ap mennen bak peyi a la a merite pou nou wete chapo nou devan w ?

Nou se yon gwoup etidyan, pwofesè, manm pèsonèl-fanm ak gason- nan Inivèsite leta k ap gade ak anpil enterè epi gwo kè sote, pakèt ajisman sispèk ou yo nan tèt peyi a. Konsa, se dènye briganday ou sot fè an chango anndan lokal youn nan fakilte Inivèsite leta a, ki blije nou fè yon ti kanpe sou gad ale w la, pou nou kase de koze ak ou. Lèt sa a, mouche prezidan, se pou nou di w rapidman wout ou sanble ap fè peyi a pran nan moman n ap pale la a mete kè nou sou biskèt. Menm jan ak yon pakèt lòt moun nan divès sektè nan peyi a, n ap mande tèt nou eske se pa lolo w ap lolo sosyete a pou al lage li nan yon rejim boutdi pi devan, kote se senpman ou menm ak kolonn ou k ap gen lavwa ochapit ? San nou pa vle prese mete etikèt sou konpòtman sispèk ou menm ak kolonn ou yo pa sispann genyen depi w fin pran direksyon palè nasyonal la kòm prezidan, n ap fè w konnen se senpman lènmi piblik demokrasi ki konn pran chans pa danse kole ak respè pou enstitisyon ak valè demokratik yo nan yon peyi ki fè chwa rejim politik demokratik la. (Article 34 de la Constitution : Hormis les cas de flagrant délit, l’enceinte des établissements d’enseignement est inviolable. Aucune force de l’ordre ne peut y pénétrer qu’en accord avec la Direction desdits établissements.)

Ak lèt sa a nou ap pwofite fè w konnen jan nou estomake epi fache anpil lè nou gade mòd ajisman ou menm ak kolonn ou yo te genyen fas ak Inivèsite leta a jou ki te vandredi 17 fevriye 2012 la, kote ou pase chifonnen imaj ak prestij sèl grenn inivèsite piblik peyi a genyen daprè konstitisyon an san pyès siy respè pou diyite ak lavi tout moun ki ladann yo jan w bay tèt ou abitid fè sa depi koumansman manda w la avèk yon latriye lòt sektè ak enstitisyon demokratik nan peyi a. Zak brigangay sa a, Mouche Prezidan, ou fè ansanm ak baz ou yo nan Fakilte ak biwo etnoloji a sanble kou 2 gout dlo ak yon lòt zak maspinay konsa ki te fèt sou yon lòt antite nan inivèsite leta a nan lane 2003 sou zòd lènmi demokrasi ki t ap dirije peyi a nan epòk sa a.

Pou w kapab konprann ajisman tèt chaje w la Mouche Prezidan, kite nou rakonte dewoulman briganday la :

« Nan laprè midi jounen vandredi 17 fevriye a, Mouche Joseph Michel Martelly, Prezidan peyi a, sot nan yon aktivite nan komin Petyon vil, aprè aktivite sila, li desann sou komin pòtoprens nan yon bann madigra ansanm ak yon foul patizan li. Pandan l ap desann lan, li voye yon machin sekirite l al anonse etidyan nan Fakilte Etnoloji l ap pase kote yo. Etidyan yo di sekirite prezidan an ki te nan machin nan yo p ap kontre ak prezidan an. Lè prezidan rive douvan fakilte a li jwenn etidyan yo kanpe sou de pye yo pou pa kite l antre nan lakou fakilte a. Foul fanatik ki te ak li yo kalonnen etidyan yo ak kout wòch. Etidyan yo reponn. Sekirite palè nasyonal yo menm dechaje zam ki te nan men yo a anlè ak sou batiman fakilte a. Etidyan yo pran lyann pou yo. Se nan moman perèz ak panik sa a ekip bandi/zèfèyis/azipopo ki t ap danse nan bann ak Prezidan an, pwofite pandan gwo kout zam t ap tire sou fakilte a, pou pase alaksyon. Bilan vizit Prezidan an : lapolis arete 3 etidyan, plizyè nan yo pran souflèt kout pwen kout pye, plis pase yon dizèn etidyan blese anba kout wòch ak tout kalite zouti bann Prezidan te gen nan men yo. Sal lekti fakilte a tankou yon kote siklòn te pase, vit fenèt ak pòt an vit tonbe anba bal, vit yon dizèn machin ki te sou lakou a kraze, fasad fakilte a plen tou bal. Biwo etnoloji ki kole kole ak fakilte a sakaje ata lantiraj li zèfèyis prezidan yo lage sa plat atè. »

Dènye grenn briganday sa ki kite yon lis sèt longè viktim nan Inivèsite leta a fè n ap mande èske ou gen tout kontwòl tèt ou Mouche prezidan ? Ki enterè ou genyen nan mòd ajisman sa a fas k sèl enstitisyon ansèyman siperyè leta peyi a genyen an daprè konstitisyon 1987 la ? (Atik 20). Èske w konnen fonksyon prezidan w ap jwi a blije w respekte tèt ou tout bon vre, respekte lòt moun ak tout enstitisyon ki nan peyi a lè w ap aji ? Nan moman ou lanse atak sa a kont Fakilte etnoloji a gran jounen sou channmas la Mouche Prezidan, te gen yon kòlòk ki t ap fèt sou koze Etnoloji nan lokal fakilte a, bri bal ak lòt britalite bann madigra w la kraze aktivite a. Menm bri bal sa yo kraze yon deba ki t ap fèt nan Fakilte Syanzimèn sou devlopman peyi a akoz moun ki t ap swiv deba sila te pran gwo panik. N ap mande ou èske sa konn rive pou w reflechi sou kontribisyon Inivèsite piblik gen pou l bay nan tout projè avansman tout bon peyi a ? Eske se mòd lòbèy eskonbrit sa yo ki kache dèyè koze Ayiti dekole w ap klewonnen chak jou a oubyen se yon etap nan pwogram lekol gratis ou a ki blije ou koumanse fè tire sou Inivèsite leta a epi maspinen moun ak materyèl ki genyen ladan l ?

Nou voye lèt sa ba w Mouche Prezidan, paske nou pa vle kontinye di menm jan ak anpil lòt moun k ap obsève depi w rive sou pouvwa : « sa pa etone nou pyès, paske se ou menm ki prezidan peyi a ! » Men kòm moun k ap fè inivèsite nan peyi a, epitou ki konsyan sou kijan derapaj tikal pa tikal w ap plede fè nan chifonnen respè prèske tout enstitisyon demokratik yo kapab lage peyi a nan tchouboum, nou pa ka bay tèt nou alèz sa a nan kite w vale teren rejim boutdi a. Paske listwa jan fenomèn nazism lan te koumanse nan peyi Lalmay aprann nou, gen yon seri jwif ki te jwenn posiblite pou yo kite Almay, yo pa t fè sa, gen yon seri lòt ki te ka angaje yo nan yon veritab batay kont fenomèn nan epi patisipe nan tout lòt fòm rezistans posib, yo pa t fè sa nonplis ; anpil ladan yo te prefere di, sa yo wè la pa imajinab. Menm lè sistèm nan te koumanse ap pran gwo vitès tout bon, anpil moun te prefere di bagay sa pa ka dire ni li pa ka al lwen paske li pa jis ; anpil ladan yo te konn di Adolphe Hitler se yon nonm malad ki pèdi tèt li epi ki pa ka fè plis pase sa l ap fè la. Poutan nou tout konn kijan bagay sa te fini.

Se poutèt sa menm, Mouche Prezidan larepiblik, n ap fè w konnen ou pa sispann ban nou gwo kè sote sou avni peyi a ak avni demokrasi n ap eseye tabli ladan li a, chak fwa nou wè se sèlman resous sweet micky w yo ou mobilize pou w dirije peyi a. Konsa ou soti menm pou w avili fonksyon prezidans lan, nan jan w ap jere peyi a tankou bèt kat pat ki pran nan tinè. Lè n ap gade kouman depi w rive nan tèt leta w ap goumen pi mal pase kòk gagè ak lòt enstitisyon yo pou w kraze yo oubyen mete yo sou dikte w, paske yo sanble jennen w nan pwojè mabyal kache ou gen lè genyen pou peyi a. Nan mwens pase yon lane Prezidan, ou deja pete eskonbrit kriz tout kalte ak laprès, primati, palman, Inivèsite leta a, menm ak lòt peyi etranje nan pale ak aji kòm si se te epòk ou t ap fè lòbèy sou cha kanaval yo. Nou pa envante sa n ap di la yo, yon senp ti rapèl sou 9 mwa ou deja fè nan manda 5 lane w la ap moutre jouk nan ki pwen ajisman w yo ap met apsè sou klou pwojè demokrasi n ap eseye tabli depi kèk lane a ye :

Pou sa ki gen pou wè ak près la :

1- Lendi 3 oktòb 2011, nan kad yon pwen près w ap bay nan Taba, ou menase yon jounalis, ou di l ou ka menm joure manman l, paske l poze w yon kesyon ou pa renmen. Plizyè asosyasyon pres ekri w sou kesyon an, ou pa pete nan koton ba yo santi.

2- Nan kad yon lòt konferans ou t ap bay nan ayopò entènasyonal, Toussaint Louverture a, ou tchwipe yon jounalis paske li poze w yon kesyon ou pa t renmen.

Pou sa ki gen pou wè ak Palman :

1- 12 oktòb 2011, nan kad yon reyinyon ou te gen ak majorite depite yo epi kèk lòt gwo pèsonalite politik nan palè nasyonal la, ou lanse gwo grenn mo sal epi simen kou sou plizyè nan depite yo prensipalman Arnel Belizaire, depite Delma ak Taba. Aprè sa ou deside fòk ou arete depite a pou w montre l se ou ki chèf.

2- 27 oktòb 2011 ou itilize fòs ponyèt ou dèyè do pouvwa konstitisyon an ba w yo, ou fè arete depite a san palman an pa leve iminite l jan atik 115 konstitisyon an mande sa. Bagay sa lage plizyè enstitisyon peyi a tankou : lajistis, lapolis, laprimati, paleman ak yon bann ministè nan yon gwo katchouboumbe. Kote yon minis blije demisyone nan pòs li, yon mannyè pou kase fèy kouvri sa k pase a, malgre tout moun te konnen byen se ou te ki bay lòd arestasyon an.

Pou sa ki gen pou wè ak Laprimati :

1- Premye fevriye 2012, ou debake san envitasyon lakay premye minis lan ki t ap òganize yon reyinyon travay prive ak kèk palmantè, ou fè dega kraze mèb, di gwo mo sal, fè sekirite w tire bal anlè elatriye.

2- Devan eskalad eskonbrit tèt chaje sa yo Prezidan asanble nasyonal la oblije ekri w yon lèt tou louvri pou raple w ou gen obligasyon pou respekte pwotokòl ak prestij fonksyon prezidan an genyen epi fè w konnen yon dirijan leta nan yon peyi kou Ayiti pa kapab toujou kanpe sou fè lòbèj, li menm mande w fè eskiz plat devan asanble senatè yo ak palman an jeneral paske ou te detrese bò tèt yo nan reyinyon kay premye minis la.

Pou sa ki gen pou wè ak Inivèsite Leta :

1- Fen desanm 2011,ou debake san twonpèt ni klaksòn nan Fakilte Etnoloji san okenn pwotokòl, ni rektè ni dwayen pa konnen, pou al reyini ofisyèlman sou kisa ak poukisa, ansanm ak yon ti gwoup okenn moun pa ka idantifye.

2- 17 fevriye 2012 nan laprè midi ou debake nan estil pa w ak yon bann madigra nan menm fakilte sa, san pyès moun pa konn motif debakman brital ou a, ou kite plizyè viktim ak dega materyèl dèyè w. Epi sa w tande a, biwo kominikasyon w monte radyo pou l al rakonte pawol san pye ni tèt sou deblozay ou fin fè nan lokal fakilte a kòmsi ou ta yon viktim.

Se pa lòt evenman briganday ki pa genyen toujou, nou deside kanpe la pou n pa pèdi twòp tan avè w Mouche Prezidan. Paske nou te kapab site yon bann deklarasyon prèske san pye san tèt ki menm sanble iresponsab, ou lage nan zòrèy « pèp la » depi w ap koupe rache nan palè nasyonal la. - Oubyen tou nou te kapab pran envitasyon ou te bay diktatè Jean Claude Duvalier lajistis ap pouswiv la, pou l vin patisipe nan yon seremoni ofisyèl kote ou t ap rann omaj bay yon latriye moun ki nan yon sans oubyen yon lòt te viktim politik tikoulout ak sanginè li t ap mennen lè li te nan tèt peyi a.

Oubyen nou ta pran dènye kouri ou lage nan peyi Bahamas nan jou pase yo oubyen koze ou sot di sou peyi Curaçao yo ki blije otorite peyi sa a mande w piblikman w pou fè eskiz prese prese a.

Mouche prezidan, si nou al li atik nan konstitisyon an ki pale sou misyon w epi nou ta konpare l ak sa w ap regle nan tèt peyi a, w ap panse se rayi nou rayi w, paske nan atik 133, 135-1 ak 136, se ou menm yo bay misyon veye sou enstitisyon peyi a epi respekte ak fè respekte lalwa. Nou menm ap mande èske janm gen yon prezidan, depi peyi a sou rèy konstitisyon 1987 la, ki vyole lalwa tankou w deja fè sa nan sèlman 9 mwa epi atake enstitisyon peyi a jan w ap fè li la nan tikras tan sa a ? Nou pa menm di w anyen sou koze kilt pèsonalite konstitisyon an pa dakò a, ki poutan sanble yon eleman esansyèl nan pwogram dekole Ayiti w la.

Men Mouche Prezidan, deblozay ou fè ak bann ou yo nan Fakilte ak Biwo etnoloji a 17 fevriye ki sot pase a, twò sanble avèk egzaksyon makout ak fanatik Duvalier yo te konn fè sou Inivèsite a ak moun k ap frekante l yo nan tan pase yo ; yo twò sanble ak debakman ansyen militè zago loray yo te konn fè ansanm ak atache, FRAPH elatriye nan Lekòl nòmal siperyè, Fakilte dèsyans ak lòt antite nan Inivèsite leta a nan epòk koudeta militè yo, zak briganday ou a prezidan gen twòp resanblans avèk zak maspinay ouvriye represyon Aristide yo te fè sou etidyan Fakilte syanzimèn yo 5 desanm 2003 a…zak pa w yo twò sanble avèk zak nou sot site la yo pou nou pa ta di w fè yon kanpe. Swiv konsèy sa a Prezidan : Inivèsite leta an antye, p ap aksepte sa nan men w. Pyès moun nan Inivèsite a, pou kelkeswa rezon an p ap aksepte kite w pase otonomi ak endepandans Inivèsite a anba pye w jan w ap fè li la a pou yon latriye enstitisyon nan peyi a.

N ap di w klèman prezidan, tout espas kote Inivèsite a ye pa gen dwa vyole, pou kelkeswa pretèks la, konstitisyon 1987 la menm rekonèt sa, fè tout sa w konnen pou mòd deblozay sa yo pa repete. Poze moun ki nan antouraj ou kesyon, mande sila yo ki konn kichòy sou koze inivèsite, èske moun k ap fonksyone nan jan de enstitisyon sa yo ki pa nan mache tèt bese ap janm aksepte pou w chifonnen imaj, diyite ak kò yo jan w ap mache fè sa nan tout rakwen nan peyi a ? Si veritab pwojè w se pa mete tout peyi a ajenou epi fè li kase tèt tounen sou wout demokrasi a pou l al refè eksperyans rejim bout di yo ankò, li poko twò ta non pou w pran fòm kò w Prezidan. Epi si tout bon vre se chwa pa w pou drive tout enstitisyon demokratik peyi a nan labou deblozay lòbèy, Mouche Prezidan, prepare w pou fè sa nan simen dlo nan je pèp la. Paske nou menm moun sila yo ki siyen lèt sa a prezidan nou p ap aksepte sa nan men w non ! N ap batay ak ou avèk tout Minista ou konte sou li a, jouk ou fè bak sou pwojè makaw sa a. Nou espere ou pa bliye listwa peyi sa montre aklè, pèp ayisyen an fè chwa pou li viv lib san li pa sèvi pyès gran mouche ak madanm ki konprann se yo ki mèt ak metrès bout tè sa a ak tout sa ki ladan l. Malgre jan w ta wè dezespwa lage pèp la nan lari a Prezidan, piga w al kwè li pa konprann anyen nan anyen tande, ni tou piga w panse pwopagann ak vyolans tout kalte ou kapab imajine, ap fè yo rete tèt bese douvan pouvwa abitrè, kòwonpi ak vyolan ou kapab gen anvi met sou pye a. Dayè gen moun ki te gen plis posiblite nan sans sa yo pase w Prezidan ki te blije bat ba sou mòd pwojè sa yo. Se poutèt sa, mouche prezidan, nou menm inivèsitè Ayisyen ki ekri w lèt sa a, nou p ap dakò ou vin voye zago tankou chwal mèt bitasyon nan sèl enstitisyon ansèyman siperyè peyi a genyen. Si jounen jodi a, apre chak betiz ou fè anndan yon enstitisyon, moun k ap frekante ensitisyon sa a ak rès sosyete a kase fèy kouvri sa paske y ap sèvi w tankou ti moun piti oubyen paske yo pè w oubyen tou paske yo pèdi tout kapasite pou yo endinye, nou menm nan Inivèsite Leta Ayisyen an p ap bwè remèd chwal sa a. Se pa paske nou plen ògèy oubyen paske grenn nou plen men nou, men se paske nou konnen ki kalite defi peyi a gen pou l leve kidonk ak ki kalite angajman ak serye yon moun oubyen yon gwoup k ap dirije peyi a dwe aji.

Lizay pou ou Mouche prezidan larepiblik.

Inivèsitè ak invèsitèz ki siyen lèt sila.

James Beltis…………………………….. Nathacha Pericles………………………. Franck Seguy…………………………… Brunache Pierre Ronsard………………. Walner Osna……………………………. Wilson Jean-Baptiste…………………... Wilsot Louis…………………………… Nathacha Désulmé…………………….. Jean-Bernart Jean Louis………………. Nathania Pericles……………………… Harry Moise…………………………….

  • email Envoyer par email à un ami
  • print Version imprimable
  • Plain text Texte complet
Notes
Pas de note pour cet article
Estimez cet article
4.00